Voie d'Espoir - Reyini Fanmi byolojik ak adopte an Ayiti

Fè yon don epi ede reyini adopte ak fanmi ann Ayiti

Chak timoun gen dwa  pou konnen kiyès paran li ye. Anplis de sa, yon timoun pa ta dwe janm separe ak paran li kont volonte yo. Voie d’Espoir ap travay pou reyini paran ak timoun ki te separe akòz adopsyon (fòse).

Byenvini nan Voie d'Espoir.

Dèyè chak non, chak dokiman ak chak kesyon ki poko jwenn repons, gen yon istwa. Voie d’Espoir akonpaye moun ki fèt ann Ayiti epi ki te adopte, ki vle chèche konnen orijin yo, ansanm ak fanmi biyolojik k ap chèche repons. Nou ede chèche lyen familyal, verifye enfòmasyon, fasilite premye kontak epi akonpaye chak moun nan diferan etap demach la.Paske konnen kote w soti ka ede w konprann pi byen kiyès ou ye.

                                           

Dèyè chak rechèch, gen yon istwa. Dèyè chak istwa, gen moun ki merite jwenn akonpayman.

Èske w ap chèche konnen orijin ou?

Ou fèt ann Ayiti epi yo te adopte w aletranje? Nou akonpaye w nan rechèch sou istwa w epi, si w vle, nan demach pou w rekonekte avèk orijin ou.

Èske w ap chèche yon pwòch ou?

Ou se yon manm fanmi biyolojik ann Ayiti? Anrejistre istwa w ak enfòmasyon ou genyen yo pou fasilite rechèch ki ta kapab fèt alavni.




Kesyon moun poze souvan (FAQ)



Istwa w merite pou yo tande l.

Èske w ap chèche konnen orijin ou oswa ou ta renmen anrejistre fanmi w? Voie d’Espoir la pou akonpaye w nan chak etap demach ou yo.