RASIN

Konsènan pwojè a
Pwojè RASIN antre nan kad angajman Voie d’Espoir pran pou defann dwa chak moun genyen pou konnen orijin li epi akonpaye moun ki konsène pa adopsyon ak separasyon familyal.Pwojè sa a devlope an patenarya avèk SSI France, avèk sipò Anbasad Lafrans ann Ayiti. Objektif li se ranfòse kapasite ekip lokal yo pou yo kapab akeyi, koute epi anrejistre fanmi byolojik yo nan Rejyon Palmes la.
Atravè pwojè sa a, Voie d’Espoir vle pote sèvis li yo pi pre kominote yo, fasilite koleksyon enfòmasyon sou fanmi yo epi ede prezève istwa familyal ki kapab jwe yon wòl enpòtan nan rechèch moun ki fèt ann Ayiti epi ki te adopte aletranje.
Objektif nou yo
Sèvis ki pi pre kominote yo
Youn nan gwo objektif pwojè RASIN se ranfòse prezans Voie d’Espoir nan Rejyon Palmes la pou fanmi byolojik yo kapab jwenn sèvis enfòmasyon, anrejistreman ak akonpayman pi fasil. Gras ak biwo akèy ak anrejistreman li genyen nan Ti Gwav, Voie d’Espoir vle devlope aktivite li yo pi pre popilasyon an nan komin sa yo: Gresye, Leyogàn, Ti Gwav ak Gran Gwav.
Kijan ou kapab benefisye pwojè a?
Voie d’Espoir akeyi fanmi byolojik ki vle kòmanse demach pou yo jwenn pwòch yo ki te adopte. Ekip nou an kapab egzamine enfòmasyon ou genyen yo epi oryante w sou demach ki pi byen adapte ak sitiyasyon ou.
1. Kontakte ekip nou an
Eksplike nou sitiyasyon ou epi pataje enfòmasyon ou genyen sou moun w ap chèche a.
2. Anrejistre fanmi ou
Ekip nou an ap akonpaye w pou ranmase enfòmasyon ki nesesè yo epi prepare dosye fanmi ou.
3. Jwenn konsèy ak oryantasyon
N ap egzamine enfòmasyon nou ranmase yo pou nou kapab idantifye demach rechèch ki posib.
Èske w ap chèche yon pwòch ou yo te bay nan adopsyon?
Nan kad pwojè RASIN, Voie d’Espoir akeyi, koute epi akonpaye fanmi byolojik nan Rejyon Palmes la nan demach y ap fè pou chèche pwòch yo epi konnen plis sou istwa fanmi yo.Fè premye pa a. Ekip nou an nan Ti Gwav la pou koute w.
Yon patenarya pou sèvi fanmi yo
