konprann voie d'Espoir
1. Kisa Voie d’Espoir ye?
Voie d’Espoir se yon òganizasyon ayisyen ki espesyalize nan rechèch orijin ak akonpayman moun ki fèt ann Ayiti epi yo te adopte aletranje, ansanm ak fanmi biyolojik yo. Misyon nou se fasilite rechèch yo, ede moun rekonstwi istwa fanmi yo epi akonpaye yo nan demach pou yo rekonekte ak orijin yo.
2. Ki moun ki kapab jwenn akonpayman nan Voie d’Espoir?
Sèvis nou yo fèt sitou pou moun ki gen orijin ayisyen epi ki te adopte, ki vle chèche fanmi biyolojik yo, ansanm ak fanmi biyolojik ann Ayiti ki swete pitit yo oswa lòt pwòch yo kapab jwenn yo. Nou akonpaye moun yo tou nan pwosesis rekoneksyon ak retrouvailles familyal.
Kòmanse yon rechèch
3. Mwen se yon moun ki fèt ann Ayiti epi yo te adopte m. Kijan mwen kapab jwenn fanmi biyolojik mwen?
Ou kapab kòmanse lè w kreye yon pwofil sou platfòm nou an epi voye enfòmasyon ak dokiman ou genyen yo ban nou. Ekip nou an ap egzamine demann ou an, evalye posiblite rechèch yo epi fè w konnen pwochen etap yo.
4. M ap chèche yon pitit oswa yon pwòch yo te bay an adopsyon. Kijan mwen kapab enskri?
Fanmi biyolojik yo kapab enskri nan Voie d’Espoir, sitou nan pwen akèy ak anrejistreman nou yo ann Ayiti. Nou ranmase enfòmasyon ak dokiman ki disponib yo, ansanm ak foto, lè sa posib, pou fasilite yon rechèch alavni. Enskripsyon an pa vle di nou garanti n ap jwenn moun w ap chèche a.
5. Ki dokiman mwen bezwen pou m kòmanse yon rechèch?
Nenpòt dokiman ki kapab ede nan rechèch ou a ap itil. Pa egzanp: batistè, jijman adopsyon, dosye adopsyon, ansyen foto, non paran biyolojik yo, enfòmasyon sou yon òfelina oswa kontak moun ki te patisipe nan pwosesis adopsyon an. Ou kapab kontakte nou menm si ou pa gen anpil enfòmasyon.
6. Èske mwen kapab jwenn fanmi mwen menm si mwen pa gen dokiman adopsyon?
Wi. Gen rechèch ki kapab kòmanse avèk kèk enfòmasyon sèlman, tankou yon prenon, yon dat oswa yon kote ou fèt, yon foto oswa yon souvni. Sepandan, posiblite pou fè rechèch la depann de enfòmasyon ki disponib ak verifikasyon nou kapab reyalize.
ADN ak Retwouvay
7. Èske Voie d’Espoir fè tès ADN?
Wi. Nan tèt ansanm avèk patnè nou Plan Kiskeya, nou patisipe nan operasyon kote nou pran echantiyon ADN nan men fanmi biyolojik ann Ayiti. Tès ADN yo kapab ede konfime lyen familyal ki posib. Nou fè demach sa yo avèk konsantman moun ki konsène yo epi selon pwosedi nou etabli avèk patnè nou an.
8. Konbyen tan sa kapab pran pou mwen jwenn fanmi mwen?
Pa gen yon delè fiks. Gen rechèch ki avanse rapid, tandiske gen lòt ki kapab pran plizyè mwa oswa plizyè ane. Sa depann de enfòmasyon ki disponib, verifikasyon ki nesesè yo ak difikilte nou rankontre sou teren an. Nou pa kapab garanti rezilta rechèch yo.
9. Kisa k ap pase lè nou jwenn yon fanmi?
Ekip nou an verifye enfòmasyon ki disponib yo, enfòme moun ki konsène yo epi evalye kondisyon pou yon premye kontak. Si tout moun dakò, nou kapab fasilite premye kominikasyon yo epi akonpaye retrouvailles familyal yo. Chak moun lib pou aksepte, ranvwaye oswa refize antre an kontak.
Konfidansyalite ak akonpayman
10. Èske enfòmasyon pèsonèl mwen ak dokiman mwen yo ap rete konfidansyèl?
Konfidansyalite ak respè lavi prive se prensip fondamantal nan travay nou. Nou itilize enfòmasyon nou ranmase yo nan kad rechèch ak akonpayman, pandan nou pran prekosyon ki nesesè pou pwoteje yo. Nou pa pibliye enfòmasyon pèsonèl fanmi yo ni dokiman konfidansyèl san otorizasyon ki apwopriye.
11. Èske Voie d’Espoir akonpaye moun adopte ki vle retounen ann Ayiti?
Wi. Selon kapasite nou ak bezwen chak moun, nou kapab akonpaye moun adopte ki vle dekouvri peyi kote yo fèt la, chèche konnen istwa pèsonèl yo oswa anvizaje rankontre fanmi biyolojik yo. Nou prepare chak demach selon sitiyasyon moun nan, pandan nou pran kondisyon sekirite yo an konsiderasyon.
Sipòte misyon nou
12. Kijan mwen kapab sipòte Voie d’Espoir oswa kolabore avèk òganizasyon an?
Ou kapab sipòte misyon nou lè w ede fè aktivite nou yo konnen, fasilite kontak avèk fanmi yo, pwopoze patenarya enstitisyonèl oswa kontribye finansyèman nan operasyon nou yo. Asosyasyon, pwofesyonèl, enstitisyon ak manm dyaspora ayisyen an kapab kontakte nou tou pou nou eksplore posiblite kolaborasyon.
Ou gen plis kesyon?
Ekip nou la pou koutew, oryante w epi akonpaye w nan demach ou yo n
Komanse rechèch mwen
kreye pwofil ou epi kòmanse demach ou