Voie d'Espoir - Reyini Fanmi byolojik ak adopte an Ayiti

EKIP NOU

yon ekip angaje ki pataje yon sèl misyon

                  Dèyè chak rechèch, gen fanm ak gason k ap koute, k ap akonpaye epi k ap travay ak konviksyon pou prezève istwa fanmi yo epi ede kreye posiblite pou retrouva yo.  Voie d’Espoir reyini pwofesyonèl ak moun ki angaje bò kote yon menm konviksyon: chak moun dwe kapab jwenn aksè ak istwa li, konnen orijin li epi, lè li vle, antreprann demach pou rekonekte ak lyen familyal li.

Òganizasyon nou an chita sou yon gouvènans endepandan, yon direksyon egzekitif ak ekip teren ki travay toupre kominote yo. Konplemantarite sa a pèmèt nou mete ansanm vizyon estratejik, rigè enstitisyonèl ak akonpayman imen.


Michel JOSEPH

Fondatè-Prezidan
Michel Joseph se yon jounalis ki angaje depi plizyè ane sou kesyon ki gen rapò ak adopsyon ak rechèch orijin. Se li ki te pran inisyativ pou kreye Voie d’Espoir. Travay li sou teren an ak fanmi biyolojik yo ansanm ak moun ki adopte yo te mennen li fonde òganizasyon an an 2020, avèk volonte pou fè dwa pou konnen orijin, rechèch fanmi ak rekoneksyon tounen yon misyon ki estriktire epi ki dirab.

Sheilla Angélique LOUIS

Prezidant Konsèy Administrasyon an
Sheilla Angélique Louis se jounalis, repòtè ak prezantatris nan Radio Métropole depi plis pase kenz ane. Li se youn nan kofondatè Voie d’Espoir.Kòm yon pwofesyonèl medya ayisyen yo rekonèt, li te genyen dezyèm plas nan Pri Jèn Jounalis ann Ayiti an 2016, epi li te ko-gayan Pri Philippe Chaffanjon pou repòtaj miltimedya an 2018. Angajman li nan Voie d’Espoir antre nan yon volonte pou kontribye nan defans dwa pou konnen orijin epi akonpaye moun ki adopte yo ansanm ak fanmi biyolojik yo.

Michelet DESROSIERS

Responsab Devlopman Enstitisyonèl, Patenarya ak Mobilizasyon Resous

Michelet Desrosiers gen lisans nan dwa ak kominikasyon sosyal nan Fakilte Syans Imen (FASCH). Li genyen yon eksperyans solid nan domèn pwoteksyon timoun, sitou gras ak eksperyans li nan Enstiti Byennèt Sosyal ak Rechèch (IBESR). Eksperyans li ak konesans li sou kesyon ki gen rapò ak dwa ak pwoteksyon timoun reprezante yon kontribisyon enpòtan nan misyon ak devlopman enstitisyonèl Voie d’Espoir.

Richarson BIGOT

Responsab Afè Jiridik, Konfòmite, Etik ak Pwoteksyon

Richardson Bigot se jounalis, redaktè ak avoka nan Bawo Aken. Li mete ansanm eksperyans li nan medya ak fòmasyon epi pratik li nan domèn dwa. Doub eksperyans sa a pèmèt li pote yon ekspètiz enpòtan pou Voie d’Espoir sou kesyon jiridik, konfòmite, etik ak pwoteksyon, ki nan kè responsablite li nan Konsèy Administrasyon an.

MITSOUKA THAÏNA LOUIS

Sekretè Konsèy Administrasyon an

Mitsouka Thaïna Louis diplome nan relasyon entènasyonal apre li te etidye diplomasi nan Sant Etid Diplomatik ak Entènasyonal (CEDI). Li  etidye tou nan domèn syans enfimyè. Fòmasyon pliridisiplinè sa a, ki mete ansanm relasyon entènasyonal ak domèn lasante, anrichi angajman li nan Voie d’Espoir ak kontribisyon li nan aksyon òganizasyon an pou moun ki adopte yo ak fanmi biyolojik yo.

MARC GUERSON PHILISTIN

Responsab Finans

Marc Guerson Philistin se jounalis, repòtè, prezantatè ak antreprenè. Depi plizyè ane, li ap evolye nan sektè medya ak antreprenarya. Eksperyans pwofesyonèl li ak sans inisyativ li ranfòse angajman li nan Voie d’Espoir, kote li kontribye sitou nan refleksyon ak travay ki gen rapò ak jesyon ak gouvènans finansye òganizasyon an.


Ekip Operasyonèl

Ekip operasyonèl Voie d’Espoir la responsab pou mete an aplikasyon chak jou aksyon òganizasyon an sou teren an. Ekip la prezan nan plizyè rejyon ann Ayiti epi li akonpaye moun ki adopte yo ak fanmi biyolojik yo nan chak etap demach rechèch orijin yo: resepsyon ak anrejistreman, koleksyon ak verifikasyon enfòmasyon, rechèch sou teren, kowòdinasyon tès ADN, medyasyon ak akonpayman nan pwosesis retrouva yo.Atravè yon travay pwoksimite ki chita sou koute, konfidansyalite ak respè pou chak moun, ekip la kontribye chak jou pou fè misyon Voie d’Espoir la tounen aksyon konkrè: Akonpaye. Chèche. Rekonekte.

Dirk Vermeyen

Trezorye ak Sipèvizè Rejyon Nò 

Rose Karlande Desrosiers

Responsab Swivi Dosye nan Biwo Pòtoprens  

Anne Suze PHANORD

Responsab Biwo Gran Nò

Darina Fernandy PERONI

Responsab Biwo Rejyon palm

Jean Widler Julien

Responsab lojistik



Guynia Mathéis

Responsab biwo Gran SiD

Elritchy René Baptiste

Responsab Operasyon

 

Jude Délia

Responsab Pwojè



Volontè nou yo

Voie d’Espoir kapab konte tou sou angajman fanm ak gason ki chwazi bay tan yo, konpetans yo ak enèji yo kòm volontè pou sèvi misyon nou an.Sou teren an, menm jan ak pandan aktivite nou yo, yo patisipe nan akeyi ak anrejistre fanmi yo, òganize aksyon nou yo, sansibilize kominote yo epi kontribye nan diferan etap pwojè nou yo. Angajman yo pèmèt nou rete pi pre fanmi yo epi ogmante kapasite nou pou nou aji, piti piti, nan plizyè rejyon nan peyi a.

Vin yon volontè

  1. Home
  2. Sou nou
  3. EKIP NOU