Voie d'Espoir - Reyini Fanmi byolojik ak adopte an Ayiti

Sou nou

                                Akonpaye | Chèche | Rekonekte

Voie d’Espoir se yon òganizasyon ayisyen ki angaje nan rechèch orijin ak reyinyon fanmi. Li akonpaye moun adopte ki gen orijin ayisyen ansanm ak fanmi biyolojik yo nan demach rechèch yo, pandan li mete koute, respè ak konsantman nan kè tout entèvansyon li yo.

Istwa nou

Yon istwa ki te kòmanse nan jounalis epi ki tounen yon angajman

Istwa Voie d’Espoir kòmanse nan mwa desanm 2015, atravè yon seri repòtaj sou fanmi ayisyen ki t ap chèche pitit yo te konfye pou adopsyon. Ankèt jounalistik sa yo te pèmèt paran biyolojik ki te separe ak pitit yo, pafwa depi plizyè dizèn ane, fè tande vwa yo.

Devan kantite bezwen fanmi sa yo te eksprime, ansanm ak demann moun adopte k ap viv aletranje, yon inisyativ pou akonpaye yo epi fè rechèch te kòmanse devlope piti piti.

Nan mwa septanm 2020, inisyativ sa a te vin tounen Voie d’Espoir, avèk anbisyon pou estriktire demach rechèch orijin yo epi kontribye nan retabli lyen familyal yo.

2015

Premye ankèt yo
Repòtaj jounalistik yo mete an limyè eksperyans ak espwa fanmi ayisyen ki te separe ak pitit yo.

2020

Kreyasyon Voie d’Espoir
Inisyativ la vin tounen yon òganizasyon estriktire ki konsakre ak rechèch orijin ak reyinyon fanmi.

2024

Devlopman RAPWOCHE / KONEKTE
Pwojè a ranfòse anrejistreman fanmi biyolojik yo ak aksè nan tès ADN, an patenarya ak Plan Kiskeya.

2026

Ranfòsman prezans nou sou teren an
Atravè pwojè RASIN, Voie d’Espoir devlope aktivite li yo nan Rejyon Palmes la.

Lè jounalis bay nesans ak yon angajman

Anvan kreyasyon Voie d’Espoir, ankèt jounalistik sou adopsyon entènasyonal ann Ayiti te deja pèmèt mete an limyè temwayaj fanmi biyolojik ki t ap fè fas ak separasyon epi ki t ap chèche pitit yo.Atravè repòtaj li yo sou adopsyon ann Ayiti, Michel Joseph te mete aksan sou yon reyalite imen ki te kontribye nan ranfòse angajman li nan rechèch orijin. Repòtaj sa yo te pèmèt moun konprann pi byen reyalite ak enkyetid ki te kontribye nan nesans Voie d’Espoir.

 

Adoption en Haiti:  Cri de  desespoir

  1. Home
  2. Sou nou