Tès ADN
Lè jenetik ede rekonekte istwa fanmi yo
Tès ADN se yon zouti konplemantè nan rechèch orijin. Yo kapab ede idantifye lyen biyolojik ant moun ki te adopte yo ak fanmi biyolojik yo, sitou lè dokiman ki disponib yo pa konplè oswa lè metòd rechèch tradisyonèl yo pa bay rezilta.

Poukisa nou itilize tès ADN?
ADN se yon zouti anplis pou ede w dekouvri orijin ou.Pou anpil moun ki gen orijin ayisyen ki te adopte aletranje, chèche fanmi biyolojik yo kapab yon demach ki konplike anpil. Pafwa, enfòmasyon ki nan dosye adopsyon yo pa sifi, yo pa egzak oswa yo difisil pou verifye.
Nan kèk sitiyasyon, tès ADN kapab ede idantifye korespondans jenetik epi ouvri nouvo posiblite pou rechèch yo avanse.Voie d’Espoir itilize metòd sa a kòm yon zouti konplemantè nan analiz dokiman ak ankèt li mennen sou teren, an kolaborasyon avèk patnè li, Plan Kiskeya.
1. Idantifye lyen biyolojik
Chèche korespondans jenetik ki kapab ede dekouvri lyen parante ant plizyè moun.
2. Fè rechèch yo avanse
Eksplore nouvo posiblite lè dokiman ak temwayaj ki disponib yo pa pèmèt nou idantifye yon fanmi.
3. Fasilite posib reyinyon fanmi yo
Kontribye nan idantifikasyon lyen biyolojik ki kapab bezwen lòt verifikasyon anvan nou pwopoze yon akonpayman ki adapte ak sitiyasyon an.
Pwogram tès ADN nou an
Yon kolaborasyon ant Voie d’Espoir ak Plan Kiskeya.
Nan kad patenarya li avèk Plan Kiskeya, yon òganizasyon ki baze nan peyi Peyi Ba, Voie d’Espoir patisipe nan òganizasyon aktivite prelèvman ADN pou fanmi biyolojik ann Ayiti. Ekip nou an responsab pou idantifye ak anrejistre fanmi yo, ranmase enfòmasyon ki nesesè epi òganize prelèvman ADN yo avèk konsantman moun ki konsène yo.Yo voye echantiyon yo Ozetazini pou laboratwa FamilyTreeDNA fè analiz jenetik yo. Apre sa, Plan Kiskeya kontribye nan jesyon korespondans jenetik yo epi itilize rezilta yo pou ede rechèch fanmi yo avanse. Rezilta sa yo kapab konpare avèk enfòmasyon ki nan dokiman yo ansanm ak rezilta ankèt ekip nou yo reyalize sou teren.

Patnè teknik nou yo
- Voie d’Espoir: Anrejistreman fanmi yo, prelèvman ADN ak ankèt sou teren ann Ayiti.
- Plan Kiskeya: Kowòdinasyon ak rechèch korespondans jenetik yo.
- FamilyTreeDNA: Analiz jenetik.
Kijan yon tès ADN fèt?
Aktivite prelèvman ADN nan jeremi
Sa ou dwe konnen anvan ou fè yon tès ADN
Yon tès ADN pa garanti ou ap jwenn fanmi w
- Rezilta yo depann, pami lòt bagay, de prezans fanmi biyolojik ou nan baz done jenetik yo itilize a.Si pa gen okenn korespondans tousuit, sa pa vle di yo pap kapab idantifye yon lyen familyal pi devan.
Konsantman w enpòtan anpil
- Anvan nenpòt prelèvman, ou dwe byen konprann objektif tès la, limit li, konsekans posib rezilta yo ak kondisyon ki prevwa pou itilizasyon done pèsonèl ou yo.
Pwoteksyon lavi prive w
- Enfòmasyon jenetik yo se done sansib. Ekip nou an ap esplike w kijan yo trete enfòmasyon ou yo ak nan ki kondisyon yo kapab pataje yo avèk patnè ki konsène yo.
Kesyon moun poze souvan
ADN ou kapab ede fè yon rechèch familyal avanse.
Èske ou se yon moun ki gen orijin ayisyen ki te adopte aletranje oswa yon manm yon fanmi biyolojik? Kontakte ekip nou an pou jwenn plis enfòmasyon sou tès ADN ak demach rechèch orijin yo.