Voie d'Espoir - Reyini Fanmi byolojik ak adopte an Ayiti

Anrejistreman Fanmi Byolojik

        w ap chèche yon pitit ou te bay pou adopsyon?

                                                       Enskri nan Voie d'Espoir.

Èske w se manman, papa, frè, sè oswa yon lòt manm fanmi yon moun ki te fèt ann Ayiti epi yo te adopte l? Voie d'Espoir akonpaye w nan demach pou w chèche orijin fanmi w. Òganizasyon an ba w posiblite pou w anrejistre enfòmasyon ou genyen yo, yon fason pou fasilite rechèch yo epi rann posib yon rankont ak moun nan fanmi w ap chèche a.


      Poukisa li enpòtan pou w enskri fanmi w?

Chak istwa gen enpòtans. Chak enfòmasyon kapab fè yon diferans.

Gen anpil fanmi ayisyen ki pase plizyè ane san yo pa gen nouvèl yon pitit oswa yon lòt manm fanmi yo te bay pou adopsyon. Gen kèk fanmi ki toujou gen dokiman ak foto. Gen lòt ki sèlman gen souvni ak kèk enfòmasyon sou moun y ap chèche a.

Lè w enskri fanmi w, sa pèmèt nou konsève enfòmasyon sa yo, dokimante rechèch yo epi fasilite idantifikasyon moun ki kapab gen lyen familyal ak moun adopte k ap chèche orijin yo.

Konsève istwa fanmi w

Anrejistre enfòmasyon, dokiman ak souvni ou genyen sou moun w ap chèche a.

Prepare pou yon posib reyinyon familyal

Fasilite rekontak ant manm yon fanmi lè nou jwenn epi verifye enfòmasyon ki montre yo kapab gen yon lyen familyal. Tout demach sa yo fèt nan respè konsantman chak moun.

Fasilite rechèch yo

Pèmèt ekip nou an konpare enfòmasyon ou bay yo ak dosye moun adopte k ap chèche fanmi biyolojik yo.

                              Ki kote ou kapab enskri?

Voie d'Espoir ap devlope yon rezo pwen enskripsyon nan plizyè rejyon ann Ayiti pou l kapab vin pi pre fanmi biyolojik yo. Idantifye rejyon kote w ye a epi kontakte ekip nou an pou w jwenn tout enfòmasyon sou fason ou kapab enskri.

Jwenn pwen enskripsyon ki pi pre w la

Voie d'Espoir ap pwoche pi pre fanmi biyolojik yo atravè diferan pwen kontak li genyen nan peyi Dayiti. Èske w vle enskri fanmi w nan kad rechèch orijin ou?Chwazi rejyon kote w ye a epi kontakte ekip nou an dirèkteman sou WhatsApp pou w konnen kijan pou w enskri. 

Rejyon Palm

Gresye, Leyogàn, Gran Gwav, Ti Gwav elatriye
Telefòn: +509 4610 1006


Gran  Nò

Okap ak zòn ki toupre yo.
Telefòn: +509 4089 1311

Lwès

Pòtoprens ak zòn ki toupre yo.
Telefòn: +509 3610 1006


Gran  Sid

Okay ak zòn ki toupre yo.
Telefòn: +509 3100 3800


Yon vizaj. Yon istwa. Yon espwa pou retwouvay

Èske w ap chèche yon moun nan fanmi w oswa ou ta renmen dekouvri pwofil moun adopte ak fanmi biyolojik ki enskri sou platfòm nou an? Konsilte pwofil ki disponib yo. Yon sèl enfòmasyon kapab ede fè yon rechèch avanse.

Konsilte pwofil yo


Repons kesyon ou yo


Istwa w merite pou nou tande l.

Èske w ap chèche yon pitit oswa yon lòt moun nan fanmi w yo te bay pou adopsyon?Kontakte Voie d'Espoir.Ekip nou an la pou koute w, ba w enfòmasyon epi akonpaye w nan demach rechèch ou yo.



Jounen anrejistreman nan Dame Marie, depatman Grandans

  1. Home
  2. Pwojè Nou yo