Voie d'Espoir - Reyini Fanmi byolojik ak adopte an Ayiti

RAPWÒCHÈ KONEKTE

                Rapwoche fanmi yo. Rekonekte istwa yo.

Se yon pwojè kominotè ki la pou idantifye, anrejistre epi chèche fanmi biyolojik ann Ayiti, sitou grasa tès ADN.

 Konsènan pwojè a

An 2024, Voie d’Espoir te ranfòse angajman li nan domèn rechèch orijin atravè pwojè RAPWOCHE / KONEKTE. Inisyativ sa a vize pote sèvis anrejistreman ak rechèch fanmi biyolojik yo pi pre kominote ayisyen yo. Pwojè sa a reyalize an patenarya avèk Plan Kiskeya, yon òganizasyon ki baze nan peyi Peyi Ba, grasa finansman INEA. Objektif pwojè a se diminye obstak jewografik ak difikilte materyèl ki anpeche anpil fanmi patisipe nan demach pou chèche pwòch yo ki te ale nan adopsyon.

Premye faz eksperimantal pwojè a te demare an menm tan nan vil Okap ak Jeremi. Li te pèmèt nou mete baz yon sistèm sèvis pwoksimite ki konbine anrejistreman fanmi yo, koleksyon enfòmasyon ak tès jenetik. Pandan premye faz sa a, prèske 100 tès ADN te fèt. Sa te kontribye nan devlopman yon baz done ki la pou fasilite idantifikasyon posib lyen biyolojik ant fanmi yo.

Objektif nou yo


 Idantifye epi anrejistre fanmi yo

Ale rankontre fanmi biyolojik yo nan kominote yo epi ranmase enfòmasyon ki nesesè pou fasilite rechèch yo.

Konstwi yon baz done serye

Ranfòse koleksyon, verifikasyon ak konsèvasyon enfòmasyon sou fanmi yo, pandan n ap garanti sekirite ak konfidansyalite done yo.

Fasilite aksè ak tès ADN

Bay fanmi biyolojik yo posiblite pou yo patisipe volontèman nan tès jenetik, nan kad kolaborasyon nou avèk Plan Kiskeya.

 Ankouraje reyinyon fanmi yo

Idantifye posib korespondans familyal epi fasilite rekoneksyon ant moun yo, pandan n ap respekte konsantman chak moun ki konsène.



Depi lansman li, pwojè RAPWOCHE / KONEKTE kontinye elaji aktivite li yo nan kominote yo pou pèmèt plis fanmi biyolojik patisipe nan operasyon anrejistreman ak prelèvman ADN.Nan dat 23 fevriye 2026, yon nouvo operasyon ki te òganize Okay te pèmèt nou reyalize plis pase senkant prelèvman ADN. Aktivite sa yo kontribye nan anrichi enfòmasyon ki disponib pou rechèch yo epi ogmante posiblite pou idantifye lyen biyolojik ant moun ki adopte yo ak fanmi yo.

  Kijan pwojè a fonksyone?

  1.  Sansibilizasyon nan kominote yo
    Ekip nou yo òganize aktivite nan kominote yo pou enfòme fanmi biyolojik yo sou pwojè a ak posiblite ki genyen pou yo fè anrejistreman.
  2. Anrejistreman fanmi yo
    Nou ranmase temwayaj, enfòmasyon pèsonèl, dokiman ak foto ki kapab itil nan operasyon rechèch yo.
  3.  Prelèvman ADN
    Lè sitiyasyon an mande sa, fanmi yo kapab patisipe volontèman nan tès jenetik ki fèt nan kad kolaborasyon nou avèk Plan Kiskeya.
  4.  Rechèch ak verifikasyon
    Enfòmasyon nou ranmase yo ansanm ak rezilta tès jenetik yo kapab ede nou idantifye posib korespondans familyal. Apre sa, nou dwe fè lòt verifikasyon pou konfime rezilta yo.
  5.  Medyasyon ak reyinyon fanmi yo
    Lè yon korespondans konfime, ekip nou yo kapab fasilite kominikasyon ant moun ki konsène yo epi ofri yo yon akonpayman ki adapte ak sitiyasyon yo, pandan n ap respekte konsantman chak moun.


RAPWOCHE / KONEKTE chita sou yon kolaborasyon ant aktè ayisyen ak entènasyonal ki angaje nan rechèch orijin ak reyinyon fanmi yo. 

Voie d’Espoir

Asire aplikasyon aktivite pwojè a ann Ayiti, mobilizasyon kominotè, anrejistreman fanmi yo, ankèt sou teren ak akonpayman moun ki konsène yo.

.

Plan Kiskeya

Pote ekspètiz teknik li, kowòdone operasyon korespondans jenetik yo epi kontribye nan demach rechèch orijin yo.

INEA

Bay sipò finansye pou reyalizasyon ak devlopman pwojè a.

.


 Pèspektiv

  Kontinye rechèch yo. Ranfòse lyen yo.

RAPWOCHE / KONEKTE gen objektif pou kontinye ranfòse kapasite lokal yo nan anrejistreman fanmi, elaji aksè ak tès ADN epi amelyore kowòdinasyon ant ankèt sou teren ak operasyon korespondans jenetik yo. Atravè patenarya sa a, Voie d’Espoir ak Plan Kiskeya vle ofri plis posiblite pou moun ki gen orijin ayisyen ki te adopte aletranje ak fanmi biyolojik yo jwenn enfòmasyon sou orijin yo epi, lè kondisyon yo pèmèt sa, retabli lyen familyal yo.

 Chak fanmi gen yon istwa. Chak rechèch konte.

Èske w ap chèche yon pitit ou oswa yon manm fanmi w ki te ale nan adopsyon? Voie d’Espoir la pou akonpaye w nan demach rechèch orijin ou.

  1. Home
  2. Pwojè Nou yo
  3. RAPWÒCHÈ KONEKTE