Voie d'Espoir - Reyini Fanmi byolojik ak adopte an Ayiti
08/11/2026

Voie d’Espoir nan premye Fwa Dyaspora a : 2 jou pou sansibilize sou rechèch orijin

Nan dat 6 ak 7 novanm 2026, Voie d’Espoir te patisipe nan premye edisyon Fwa Dyaspora a, Ministè Ayisyen k ap Viv Aletranje (MHAVE) te òganize sou boulva Okap la. Pandan de jou sa yo, te gen rankont, diskisyon ak aktivite sansibilizasyon sou rechèch orijin, adopsyon entènasyonal ak reyinyon fanmi.

     Aktivite sa a, ki te reyini manm dyaspora ayisyen an k ap evolye nan plizyè sektè tankou sinema, lamòd, mizik ak lòt domèn, te bay Voie d’Espoir okazyon pou prezante travay li devan yon piblik ki soti nan diferan sektè. Se te yon opòtinite tou pou fè plis moun konnen yon reyalite yo poko pale ase sou li nan deba piblik ann Ayiti : sitiyasyon moun yo te adopte aletranje ki vle konnen orijin yo, ansanm ak fanmi biyolojik ki kontinye ap chèche pitit yo.

Pandan de jou yo, plizyè vizitè te pase nan estann òganizasyon an pou dekouvri aktivite li yo, poze kesyon epi pale ak reprezantan li yo. Diskisyon sa yo te pèmèt ekip la esplike pi byen kijan rechèch fanmi fèt, wòl tès ADN nan idantifye lyen biyolojik yo, ansanm ak enpòtans pou akonpaye tout moun ki konsène yo avèk respè.

Rechèch orijin, yon kesyon ki konsène dyaspora a tou

Patisipasyon Voie d’Espoir nan fwa sa a antre nan kad misyon li pou akonpaye moun ki fèt ann Ayiti epi yo te adopte aletranje, ansanm ak fanmi biyolojik k ap viv ann Ayiti. Depi òganizasyon an te kreye an 2020, li ap mennen ankèt sou teren, ranmase temwayaj, akonpaye fanmi yo nan demach rechèch yo epi fasilite repriz kontak ant moun menm fanmi ki pafwa gen plizyè dizèn lane depi yo separe, lè kondisyon yo pèmèt sa.

Pou Voie d’Espoir, moun yo te adopte aletranje yo fè pati dyaspora ayisyen an tou. Anpil ladan yo toujou santi yon lyen pwofon ak peyi kote yo fèt la, menm lè yo pa konnen anpil bagay sou istwa peyi a oswa yo grandi lwen fanmi biyolojik yo.

Rechèch idantite yo, kesyon yo genyen sou sikonstans adopsyon yo ak dezi yo ka genyen pou rekonekte ak Ayiti merite jwenn plas yo nan refleksyon k ap fèt sou relasyon ant peyi a ak dyaspora li.

Yon demach ki antre nan kad rapwòchman ak MHAVE

Lè Ministè Ayisyen k ap Viv Aletranje a òganize premye fwa sa a, objektif li se ankouraje echanj ant dyaspora a ak Ayiti, pandan l ap mete an valè inisyativ ak kontribisyon Ayisyen k ap viv aletranje yo.

Prezans Voie d’Espoir nan aktivite sa a antre tou nan kontinite demach rapwòchman ki deja kòmanse ak MHAVE, sitou nan kad kolaborasyon ki vize ranfòse echanj yo epi bay enkyetid ak bezwen moun ki fèt ann Ayiti epi yo te adopte aletranje yo plis atansyon.

Kolaborasyon sa a ta kapab ede fè bezwen espesyal moun sa yo jwenn plis rekonesans, sitou nan sa ki gen pou wè ak aksè ak enfòmasyon sou orijin yo, oryantasyon ak akonpayman lè yo ta deside retounen vizite peyi kote yo fèt la.

Kontinye travay sansibilizasyon an

Malgre enpòtans rechèch orijin genyen pou plizyè milye moun adopsyon entènasyonal konsène, kesyon sa a poko jwenn ase plas nan deba piblik ann Ayiti. Poutan, kesyon moun ki adopte yo ap poze, esperans paran biyolojik yo ak difikilte pou jwenn enfòmasyon merite yon atansyon espesyal.

Atravè patisipasyon li nan premye Fwa Dyaspora a, Voie d’Espoir reyafime volonte li pou entansifye kanpay sansibilizasyon li yo, kreye plis espas dyalòg epi ankouraje yon pi bon konpreyansyon sou pwoblèm ki gen rapò ak adopsyon entènasyonal ak separasyon fanmi.

Pou òganizasyon an, de jou sa yo nan Okap se yon lòt okazyon pou raple tout moun dèyè chak rechèch orijin, gen yon istwa, gen yon fanmi ak kesyon ki pafwa ap tann repons depi plizyè dizèn lane.

VE

Pou pataje:
  1. Home
  2. Aktyalite
  3. Voie d’Espoir nan premye Fwa Dyaspora a : 2 jou pou sansibilize sou rechèch orijin