Voie d'Espoir - Reyini Fanmi byolojik ak adopte an Ayiti
03/11/2026

Maryse Point du Jour : Ayiti, peyi li pa janm bliye

Yo te adopte Maryse Point du Jour an Frans depi lè li te timoun. Depi lè sa a, li poko janm retounen nan peyi kote li fèt la. Jodi a, li gen 27 lane. Li se konsiltant nan kominikasyon, atis, epi li angaje l nan defans dwa moun ki adopte yo. Apre anpil ane separasyon, li rive reprann kontak ak fanmi biyolojik li ann Ayiti. Ant souvni ki fè mal, siksè nan etid li ak batay pou jistis, li kenbe yon rèv : rankontre fanmi li epi, yon jou, retounen viv nan peyi kote li fèt la.

                « Ayiti nan mwen, e mwen se Ayiti. » Pawòl sa yo ka fè moun sezi lè yo aprann Marie Auliac poko janm retounen ann Ayiti depi lè yo te adopte l. Men, pou jèn fi 27 lane sa a k ap viv Pari jodi a, peyi kote li fèt la toujou gen yon plas espesyal nan kè li. Li pale de Ayiti ak anpil lanmou, pafwa ak kòlè devan enjistis, men sitou ak yon konviksyon : istwa li ak Ayiti poko fini.

Anvan adopsyon li, Marie Auliac te rele Maryse Point du Jour. Li chwazi twa mo pou dekri tèt li : « Rezilyans, Lanmou ak Limyè ». Twa mo ki gen anpil sans pou li, apre yon pakou pèsonèl difisil, kote separasyon ak fanmi li kite anpil kesyon li poko jwenn repons pou yo.

Yon anfans ki make ak  separasyon  

                           Marie rakonte yo te mete l nan yon òfelina ann Ayiti anvan yon fanmi fransè te adopte l. Dapre temwayaj li, paran biyolojik li pa t bay konsantman yo pou adopsyon sa a. Separasyon sa a rete youn nan pi gwo blesi nan lavi li.

Lè li rive an Frans, anfans li pa t dewoule jan li te espere a. Li rakonte li te sibi vyolans nan fanmi adoptif li, imilyasyon ak zak rasis. Jodi a, li pale de eksperyans sa yo san li pa kache sa li te viv. « Mwen pase nan dife, men mwen siviv », li ekri nan temwayaj li sou lavi li.

Pou l te kenbe fèm, Marie te jwenn refij nan sa li te renmen : mizik, dans ak ekriti. Chanm li ak jaden an te tounen espas kote li te ka santi l lib. Malgre tout sa, li pa t janm sispann panse ak paran biyolojik li, sitou manman li, li toujou kenbe kèk souvni byen vivan de li. « Mwen te toujou vle sanble ak manman m, menm jan ak anpil lòt ti fi. » Li sonje jan yo te pwòch, sitou moman manman li te konn pran swen cheve li. Se ti jès senp, men ane yo pa rive efase yo nan memwa li.

Diplòm, karyè ak yon lòt fason pou wè reyisit

Difikilte Marie te rankontre pandan anfans li pa t anpeche l kontinye etid li. Li rive jwenn brevet li, bakaloreya li, yon BTS, epi li kontinye etid nan nivo metriz. Li genyen tou plizyè lòt sètifikasyon.

Jodi a, li travay kòm konsiltant nan kominikasyon ak jesyon mak. Pakou akademik li montre jan li te detèmine pou l avanse. Men, Marie vle fè moun konprann diplòm pa ka rakonte tout istwa yon moun. « Rezilta mwen yo pa pwouve ni yo pa montre tout kapasite mwen. Valè mwen pa chita nan nòt mwen jwenn. »

Dapre li, sistèm edikasyon fransè a ta dwe pran plis an konsiderasyon diferans ki genyen nan pakou ak sitiyasyon pèsonèl elèv yo. Anplis karyè pwofesyonèl li, Marie kontinye devlope talan atistik li. Li ekri pwezi, li chante, li danse, epi li itilize non atis « Artiste de Lumière ».

Soti nan dans klasik rive nan hip-hop, san bliye salsa ak reggaeton, Marie eseye plizyè disiplin. Kreyasyon atistik pèmèt li eksprime yon pati nan istwa li li pa toujou rive rakonte ak mo.

Yon fanmi li rejwenn, malgre distans lan

Pandan plizyè ane, Marie te konn imajine jou li t ap kapab jwenn fanmi li ankò. Jodi a, rèv sa a kòmanse pran fòm. Li rive reprann kontak ak fanmi biyolojik li ann Ayiti. Li pale regilyèman ak moun pa li yo, sitou frè li yo ak ti sè li.

Yo poko rankontre fasafas, men premye konvèsasyon sa yo deja gen anpil valè pou li. Youn nan ti frè li yo te di l « Mwen renmen w » prèske san reflechi. Ti sè li te montre l afeksyon tou. Pawòl sa yo touche Marie anpil.

Marie ap dekouvri yon fanmi ki te kontinye viv san li, frè ak yon sè ki grandi byen lwen li, men ak ki li ta renmen pataje lavi li kounye a. Li pale de paran li ak anpil lanmou tou. Lè li gade moun nan fanmi li, li rekonèt kèk tras nan figi yo, souri yo ak ekspresyon yo ki fè l sonje kote li soti. Distans lan toujou difisil pou li. Li espere yon jou ki pa twò lwen, li va kapab rankontre fanmi li an pèsòn epi viv moman li te konn imajine depi lè li te timoun.

Fè yo rekonèt enjistis ki gen rapò ak adopsyon

Marie pa vle istwa li rete sèlman yon kesyon pèsonèl. Li enterese anpil nan adopsyon entènasyonal ki fèt ak iregilarite, epi li patisipe nan aktivite sansibilizasyon bò kote dyaspora ayisyen an Frans.

Li site sitou kolektif Wozonou ak Ayiti ou d’ailleurs pami gwoup k ap travay sou kesyon sa yo. Batay li konsène dwa pou konnen laverite, dwa pou jwenn aksè ak orijin yon moun, rekonesans domaj moun sibi ak reparasyon pou moun ki viktim adopsyon ilegal oswa ki fèt nan kondisyon ki pa respekte lalwa.

Li vle pou responsablite moun ki enplike yo kapab etabli lè gen prèv iregilarite, epi pou moun ki konsène yo jwenn repons sou sikonstans separasyon ak fanmi yo. Pou Marie, jwenn paran yon moun ankò pa toujou sifi. Fòk moun nan kapab konprann kijan ak poukisa separasyon an te fèt.

Marie ensiste pou fè konprann se pa rayisman ki dèyè demach li. Li vle pou sosyete a pran eksperyans moun ki adopte yo oserye, epi pou fanmi biyolojik yo jwenn chans fè tande vwa pa yo tou. Li ankouraje dyaspora ayisyen an chèche pi byen konprann kesyon sa a epi soutni demach k ap fèt pou laverite ak jistis.

Ayiti, yon lanmou distans pa rive efase

            Marie poko janm retounen mete pye l ann Ayiti depi adopsyon li. Men, li konnen difikilte peyi a ap travèse jodi a, epi li suiv nouvèl yo ak anpil enkyetid. Ensekirite, kriz politik ak kondisyon lavi popilasyon an ba li anpil tètchaje. Malgre sa, li refize wè Ayiti sèlman atravè pwoblèm li yo.

Pou li, Ayiti se yon peyi ki gen yon istwa, yon kilti ak anpil talan. Li pale tou ak fyète de lefètke li fè pati pèp ayisyen an. « Gen Ayisyen ki rejte peyi a, mwen menm non ! Ayiti nan mwen, e mwen se Ayiti. »

Pawòl sa yo montre jan Marie santi li mare ak Ayiti. Distans lan pa fè santiman li genyen pou peyi li diminye. Li reve retounen, an premye pou rankontre fanmi li, men tou pou konstwi yon lavi nan peyi kote li fèt la. Li menm anvizaje al viv la nèt.

Avèk eksperyans li nan kominikasyon, konpetans pwofesyonèl li ak angajman li nan lavi asosyatif, li ta renmen patisipe nan pwojè ki kapab kontribye nan devlopman Ayiti. Li pa kache anvi li genyen pou wè peyi a chanje. Malgre difikilte ki genyen jodi a, li kontinye kwè Ayisyen kapab bati yon demen miyò.

Rèv pou retounen lakay

A 27 lane, Marie Auliac deja fè anpil chemen. Li kontinye etid li, li bati karyè li epi li devlope aktivite atistik li. Li rive tou reprann kontak ak fanmi biyolojik li, yon bagay li t ap tann depi anpil ane. Men, gen plizyè kesyon ki poko jwenn repons. Istwa adopsyon li, sikonstans separasyon an ak blesi anfans li kontinye alimante refleksyon li ak angajman li. Kounye a, li vle ale pi lwen, defann dwa moun ki adopte yo epi fè rekonèt enjistis yo denonse yo. « Mwen fè sèman okenn gout nan soufrans mwen yo pap gaspiye. »

Marie swete eksperyans li kapab sèvi lòt moun. Pou moun ki adopte yo jwenn aksè ak istwa pa yo. Pou fanmi biyolojik yo jwenn moun ki koute yo. Epi pou erè ak abi ki te fèt nan tan pase yo, lè yo pwouve yo, pa rete san repons. Pandanstan, li kontinye pale ak fanmi li, prepare pwojè li yo epi imajine jou li va retounen ann Ayiti.

Yon peyi li te kite lè li te timoun, kote li reve retounen viv jodi a. Epi yon fanmi li deja konnen vwa yo, men li toujou ap tann jou li va kapab pran yo nan bra li.


VE

Pou pataje:
  1. Home
  2. Aktyalite
  3. Maryse Point du Jour : Ayiti, peyi li pa janm bliye