Julie Sara Foulon : soti nan timoun yo te adopte a pou rive nan fanm k ap reklame jistis la
Yo te adopte Julie Sara Foulon an Frans, depi peyi Etyopi, lè li te gen sizan. Li grandi ak yon sekrè ki t ap boulvèse lavi li : manman biyolojik li, yo te fè konnen ki te mouri, te toujou vivan. Jodi a, li se reyalizatris, ekrivèn ak fondatris Collectif Adoptions Justice et Réparation (AJR). Li ap mennen yon batay pou fè rekonèt pratik ilegal nan adopsyon entènasyonal, jwenn reparasyon pou domaj moun sibi epi garanti dwa moun yo adopte pou yo konnen vrè istwa yo. Nan Pari, nou rankontre yon fanm ki detèmine pou fè tande yon vwa yo te inyore pandan lontan.
Pari. Rankont nou ak Julie Sara Foulon pèmèt nou dekouvri pòtrè yon fanm ki gen yon pakou pèsonèl ki vin makònen ak yon batay kolektif. Dèyè lit li ap mennen pou jwenn jistis la, gen anvan tout bagay istwa yon ti fi sizan yo te separe ak peyi li, fanmi li ak yon pati nan idantite li.
An 2003, Julie Sara kite peyi Etyopi ansanm ak ti sè li pou al viv ak yon fanmi adoptif an Frans. Se asosyasyon Les Enfants de la Reine de Miséricorde ki te òganize adopsyon an. Nan laj sa a, li poko kapab konprann tout konsekans depa li. Tout bagay fèt byen vit. Granmoun ap pran desizyon, y ap prepare dokiman, epi yon nouvo lavi kòmanse nan yon peyi kote li pa konnen ni lang lan ni koutim yo.
Men Julie Sara ale ak yon souvni okenn dokiman administratif pa t ap kapab efase : manman biyolojik li te toujou vivan.
Dapre temwayaj li, yo te mande l pou l di manman li te mouri. Pou yon timoun sizan, fòse l pote yon manti konsa se yon gwo chay. Li oblije aprann viv nan yon nouvo fanmi pandan li ap kenbe silans sou yon verite li konnen. Pandan plizyè ane, li sere sekrè sa a. Lè li finalman revele li bay fanmi adoptif li, sa lakòz gwo konsekans.
Pawòl li antre an kontradiksyon ak istwa ofisyèl ki nan dosye adopsyon li. Kijan yon timoun kapab konstwi idantite li ak kè poze lè pwòp souvni li pa koresponn ak enfòmasyon ki nan dosye li ? Kontradiksyon sa a pral make pakou li pandan anpil ane.
Blesi moun pa ka wè
Lè Julie Sara rive an Frans, sa pa vle di sèlman li chanje peyi. Sa vle di tou li pèdi, yon fason britsoukou, pwen referans familyal, lengwistik ak kiltirèl li. Anplis separasyon sa a, li santi moun pa konprann li. Relasyon li ak paran adoptif li yo vin deteryore ti kras pa ti kras. Pandan adolesans li, li travèse yon peryòd gwo soufrans sikolojik, ki te rive mennen li nan yon tantativ swisid.
Eksperyans douloure sa a montre yon aspè yo pa toujou pran ase an konsiderasyon nan adopsyon entènasyonal : konsekans sikolojik separasyon an, sitou lè istwa yo rakonte timoun nan chita sou enfòmasyon ki pa kòrèk oswa moun ap konteste.
Kesyon an pa sèlman konnen peyi kote yon moun fèt oswa jwenn yon non. Pou yon moun yo adopte, rechèch orijin li kapab vin yon nesesite pou konprann nan ki sikonstans li te kite peyi li, retabli lyen ant diferan pati nan istwa lavi li epi bay souvni ki te rete san eksplikasyon pandan lontan yon sans. Julie Sara kòmanse travay rekonstriksyon pèsonèl sa a piti piti.
Ekriti pèmèt li retounen sou anfans li epi jwenn mo pou rakonte eksperyans li. An 2020, li pibliye istwa otobyografik li, Sara et Tsega, nan mezon edisyon Baudelaire. Liv sa a make yon etap enpòtan : istwa pèsonèl li kòmanse rankontre ak istwa lòt moun yo adopte k ap poze kesyon sou verasite enfòmasyon ki nan dosye yo.
Retwouve manman li, vennde ane apre
An 2017, yon mesaj li resevwa sou Messenger louvri yon nouvo pòt. Yon moun fè l konnen manman biyolojik li toujou vivan nan peyi Etyopi. Enfòmasyon sa a konfime sa Julie Sara te konnen depi anfans li, men eksperyans adopsyon li te fè lòt moun kontinye mete an dout. Sepandan, se an 2025 sèlman Julie Sara rive retounen Etyopi pou rankontre fanmi biyolojik li an pèsòn. Vennde ane te pase depi depa li.
Retrouvay sa yo pa kapab efase tout ane separasyon yo. Men yo pèmèt Julie Sara konpare diferan vèsyon istwa li, jwenn nouvo enfòmasyon sou pase li epi bay fanmi kote li soti a posiblite pou rakonte pwòp istwa pa yo.
Yo ranfòse tou konviksyon li genyen : moun yo adopte pa ta dwe oblije mennen ankèt konplike konsa poukont yo pou jwenn laverite.
Soti nan batay pèsonèl pou rive nan mobilizasyon kolektif
Julie Sara Foulon te kapab limite demach li yo ak rechèch pwòp fanmi li. Men li chwazi ale pi lwen. Ansanm ak lòt moun yo adopte ak fanmi adoptif, li angaje l nan yon pwosedi lajistis kont asosyasyon Les Enfants de la Reine de Miséricorde.
Plent yo konsène sitou sispisyon abi konfyans, eskwokri ak pratik ki te kapab kontribye pou fè timoun vin disponib pou adopsyon nan kondisyon ki pa regilye. Asosyasyon an konteste akizasyon yo pote kont li. Se lajistis ki gen pou detèmine si gen responsablite ki angaje. Men pou Julie Sara, kesyon an depase pwòp dosye li.
Atravè Collectif Adoptions Justice et Réparation (AJR), yon kolektif li fonde, li vle rasanble moun adopsyon ki kapab ilegal konsène, fè rekonèt domaj yo sibi epi jwenn repons nan men enstitisyon yo. Batay li chita sou plizyè revandikasyon : rekonesans pratik ilegal yo, aksè ak dosye yo, etablisman laverite, responsabilizasyon aktè ki konsène yo ak reparasyon pou domaj moun sibi.
Li mande tou pou Leta fransè ak Leta etyopyen prezante eskiz ofisyèl epi pou moun yo adopte jwenn pi bon akonpayman nan rechèch orijin yo. Nan sant mobilizasyon sa a, gen yon kesyon fondamantal : kiyès ki dwe pran responsablite lè enfòmasyon ki te sèvi pou jistifye yon adopsyon vin parèt fo oswa gen dout sou yo ?
Pou Julie Sara, òganizasyon ki patisipe nan pwosedi adopsyon yo pa kapab chape anba responsablite yo. Pwoteksyon timoun pa kapab sèvi kòm jistifikasyon pou kache enfòmasyon esansyèl sou idantite yon timoun oswa sou egzistans fanmi biyolojik li.
Fè rekonèt adopsyon ilegal yo
Batay Julie Sara a antre nan yon mouvman pi laj kote moun ap pran konsyans de pratik ki pa regilye ki te kapab make adopsyon entènasyonal. An Frans, yon misyon ant plizyè ministè te egzamine pratik sa yo ansanm ak responsablite enstitisyonèl ki kapab genyen ladan yo.
Pou moun ki konsène yo, kesyon an pa sèlman yon kesyon lalwa. Li touche idantite yo, relasyon familyal yo, sante sikolojik yo ak kapasite yo pou konprann pwòp pakou yo. Se poutèt sa Julie Sara defann yon apwòch kote rechèch orijin dwe rekonèt kòm yon dwa ki mande mwayen konkrè pou moun kapab egzèse li.
Li plede pou moun yo adopte kapab jwenn aksè reyèl ak achiv yo, benefisye yon akonpayman ki adapte ak bezwen yo epi jwenn mekanis ki pèmèt etabli reyalite yo. Angajman li raple nou tou yon verite enpòtan : dèyè chak dosye adopsyon, gen plizyè istwa, istwa timoun nan, istwa fanmi biyolojik li ak istwa fanmi adoptif li. Lè istwa sa yo bati sou enfòmasyon ki pa kòrèk, konsekans yo kapab dire plizyè dizèn ane.
Yon vwa ki refize rete an silans
Jodi a, Julie Sara Foulon kontinye angajman li atravè entèvansyon piblik li yo, travay li kòm reyalizatris ak aktivite Collectif Adoptions Justice et Réparation. Li fè pati yon jenerasyon moun yo adopte ki vin granmoun e k ap reklame dwa pou yo patisipe nèt nan deba ak desizyon ki konsène adopsyon entènasyonal.
Pandan lontan, se enstitisyon yo, òganizasyon adopsyon yo ak fanmi adoptif yo ki te okipe pi gwo plas nan deba piblik sou kesyon sa yo. Kounye a, moun ki konsène dirèkteman yo ap pran lapawòl, egzamine dosye yo, poze kesyon sou pratik tan lontan epi mande pou responsab yo rann kont.
Nan Pari, rankont sa a ak Julie Sara Foulon montre jan eksperyans moun yo adopte kapab diferan, men tou jan kèk nan enkyetid yo sanble, kèlkeswa peyi kote yo soti.
Pou Voie d’Espoir, ki angaje nan akonpayman moun yo adopte ki gen orijin ayisyen ak fanmi biyolojik yo, temwayaj sa a fè eko ak yon konviksyon : tout rechèch orijin dwe chita sou laverite, verifikasyon enfòmasyon, respè pou moun ak rekonesans dwa yo genyen pou konnen pwòp istwa yo.
Pakou Julie Sara montre tou lè yon moun retwouve fanmi biyolojik li, sa pa nesesèman vle di demach li fini. Apre retrouva y yo, lòt kesyon kapab parèt : poukisa separasyon an te fèt ? Kiyès ki te konnen kisa ? Ki dokiman yo te prepare ? Kiyès ki dwe rann kont pou domaj moun sibi yo ?
Julie Sara Foulon kontinye chèche repons. Men jodi a, li pa ap batay sèlman pou ti fi sizan ki te kite peyi Etyopi an 2003 a. Li ap batay tou pou tout moun ki, lè yo vin granmoun, dekouvri yo te kapab chanje, kache oswa rakonte istwa yo san yo pa t janm jwenn posiblite pou fè tande pwòp verite pa yo. Batay li pote yon revandikasyon klè : konnen orijin yon moun pa ta dwe janm depann de chans, epi jwenn jistis pa ta dwe yon privilèj.
